best satisfy our customers

SÈVIS I CLEAN HAITI LAB

SÈVIS I CLEAN HAITI LAB

I Clean Haiti Lab. se yon lyen ant Ayiti ak mond teknologik la.L ap fè promosyon pou itilizasyon matèryèl teknolojik enfòmasyon yo an Ayiti. Nou la pou n satisfè kliyan nou yo. Nou fè anpil eksperayans k ap ede n pote repons klè, dirèk ak teknik ak diferan kliyan nou yo ki nan tout depatman nan peyi a, ak tout sa ki nan dyaspora a tou. Nou sèvi ak teknoloji a tankou yon boustè pou n ka leve imaj antrepriz ou an. Nou bay bon jan sèvis pou n ka satisfè kliyan nou yo ki merite sa. Nou gen tout materyèl teknolojik ki nan pi wo nivo yo ak teknisyen ki gen anpil konpetans pou n ka ofri ou pi bon sèvis , paske nan I Clean Haiti Lab., kliyan nou yo se wa.  

Objektif

Èske ou pa santi ou bouke nan chèche  sèvis ke ou pa konnen ki kote ou ap jwenn oubyen ou pa satisfè de yo?  Nan ka sa a, I Clean Haiti Lab. se solisyon ou ap chèche a. An Ayiti, jwenn yon pwofesyonèl konpetan vin pi difisil. I Clean Haiti Lab. te tande kri ou yo, se pou sa li mete a dispozisyon ou  yon pakèt sèvis nan domèn teknolojik ak nan lòt domèn ankò, epi pwofesyonèl kalifye pou yo ka rann lavi ou pi fasil e bi bon. Se sa ki se misyon I Clean Haiti Lab. 

Ajans imobilye

Lè moman an rive pou vann oswa lwe yon kay, jwenn yon AIRBNB elatriye,  li ka difisil pou jwenn kliyan pou kont ou. Si ou konfye vant oubyen afèmaj byen ou yo ak ajans imobilye nou an, n ap libere ou de anpil apèl ki pa enpótan. N ap mete a dispozisyon ou  yon ekip dinamik epi ki gen anpil eksperyans. Yo gaye sou tout teritwa nasyonal la pou yo pote satisfaksyon total pou kliyan nou yo. Nou louvri pou kliyan nou yo yon gwo fenèt sou twal la, sit entènèt nou an, sou mond entènasyonal la nan objektif pou n konekte dyaspora ayisyen an ak Ayisyen k ap viv nan peyi a nan lide pou n ka rann  pi fasil pou ou tranzaksyon nan domèn imobilye. 

 

Fotografi

Lè li rive pou imòtalize yon sèn, yon evènman grave nan memwa tout moun, kapte yon sansiblite, yon pèsonalite touche yon pati nan jan ou ye; pou ou evite ou pa regrèt lè ou ap fè foto , menm si se ta nan limyè natirèl oswa nan estidyo foto pwofesyonèl nou an, ou mèt plase konfyans ou nan I Clean Haiti Lab., nou gen fotograf ki gen anpil imajinasyon, yo ka fè ou pa janm bliye bon moman sa yo.  
Sòti nan shoot foto sa a, nan yon estidyo foto,  nan kay la oswa nan yon lòt kote, foto pral tonbe. Y ap make listwa yon epòk, yon peryòd nan lavi ou, yon moman enpòtan, petèt yon siksè ou ta renmen ki rete nan memwa tout moun. 

Videyografi

I Clean Haiti Lab.rasanble ansanm pwofesyonèl sa yo: Reyalizatè, kameramann, machinist, chèf plato,redaktè, editè, elatriye. ke ou bezwen pou ou ka reyalize pwojè odyovizyèl ou a. Yo travay avèk anpil rigè ki se gid nou nan ekip la. Teknisyen nou yo byen ekipe ak aparèy videografik sofistike k ap pèmèt yo delivre videyo ki gen anpil kalite nan lide pou nou bay yon sèvis satisfezan  ak kliyan nou yo. Paske devwa nou, se satisfè kliyan nou yo. 

Difizyon andirèk

Siksè yon evènman pa depann ankò sou kantite moun ki prezan, men sou kòman yo bouste l nan mond vityèl la. Difizyon evènman ou yo andirèk se yon fason pou pèmèt kliyan ou yo patisipe. Men imaj la dwe bon anpil, li dwe respekte dènye dekouvèt yo nan domèn  odyovizyèl la pou ou ka fè moun k ap suiv yo sou entènèt lan gen santiman yo prezan  nan evènman sa a. Ou mèt mete konfyans ou nan ekip nou an, nou gen dènye ekipman yo ak teknisyen konpetan pou difize evènman ou yo sou tout platfòm dijital ou yo nan lide pou ou ka fè evènman ou yo vin moman inoubliyab. 

Estidyo anrejistreman (podcast, djingèl, tag, televizyon)

Bon tretman ak klate yon son se de (2)bagay ki pi enpòtan ki ka fè siksè yon emisyon, yon jingle, yon podcast elatriye. Se poutèt sa, son an nan tout aktivite odyovizyèl pa ka trete avèk neglijans. Li nesesè pou ou konfye anrejistreman son an ak pwofesyonèl ki ekipe ak aparèy  ki nan dènye dimansyon nan teknoloji a k ap pèmèt ou gen yon son ki gen anpil kalite ki ka atire tout zòrèy moun ki nan zòn lan. Pou debarase ou de tout enkyetid ou yo, nou sigjere ou  I Clean Haiti Lab., li gen yon  lokal byen ekipe ak aparèy dènye modèl pou kapab reyalize avèk bon jan kalite anrejistreman son yo. Konfye n anrejistreman podcast ou yo, jingle, tag oubyen emisyon radyo oubyen televizyon ou yo pou n ka fè avè yo chedèv ke tout moun ap renmen chèche pou y al tande ak gade sou nèt la. 

Enprimri

Enpòtans yon liv, yon dokiman, yon flayer, yon jounal, yon magazin, yon foto sou mayo, sou tas elatriye depann dabò de nivo  kalite enpresyon an. Kalite enpresyon an pral pwodwi nan tèt obsèvatè a yon bòn imaj k ap ankouraje l gen yon enpresyon pozitif sou pwodwi a. Pou tout moun ka gen yon bòn enpresyon sou divès kalite pwodwi enprime ou yo, se yon obligasyon pou ou gen enpresyon ki gen anpil kalite. Nan ka sa a, mwen konseye ou enprimri I Clean Haiti Lab. la.Nan enprimri sa a, moun k ap enprime yo konpetan anpil, yo gen machin enprimant denye modèl nan men yo pou n ka ofri kliyan nou yo, ak yon pri abòdab, san okenn enkyetid, bon jan kalite enpresyon. Paske nan I Clean Haiti Lab., gid nou se satisfaksyon total kliyan nou yo. 

Konsepsyon grafik (Logo Design, Desen, manipilasyon foto, Ilistrasyon)

Pou yon ajansman pafè ant koulè yo, bèl dekò ak ekri yo; pou n ka leve pi wo imaj logo konpayi ou lan, prestij li, mak li nan nivo ki pi wo a; pou konsepsyon ak realizasyon kat vizit ou, sit entènèt konpayi ou lan pou l ka klere tankou solèy la sou nèt la nan lide pou n ka atenn kè anpil kliyan, mwen konseye n  kontakte sèvis konsepsyon grafik nan I Clean Haiti Lab. Konseptè grafik nou yo nan I Clean Haiti Lab. gen anpil kapasite imajinasyon nesesè ak konpetans pou n transfòme rèv yo an bèl pwodwi. Nan ka sa a,ou p ap panse ankò biznis ou an pa kanpe sou anyen, men yon biznis ki kapab atire kliyan pou satisfaksyon yo oubyen sa ka pèmèt imaj antrepriz ou a vin pi byen prezante. Paske nan I Clean Lab., kalite se gid nou. 

Kreyasyon sit entènèt

Jodi a, plis pase tout tan, posede yon sit entènèt enpòtan anpil pou moun yo ka plis  konekte avèk ou oubyen ogmante kantite kliyan ou yo. Yon paj entènèt se pi bon zouti pou ou ka reyalize objektif ou yo. Kounye a, yon sit wèb  aksesib nan tout mond lan , epi a nenpòt ki lè. Avèk pwofesyonèl konpetan nan domèn pwogramasyon, nou kapab kreye sit entènèt pou tout kalite bezwen. Kounyè a, teknoloji entènèt la vin yon poto mitan nan fè bouje mond ekonomik la pandan n konnen tou li ka kontribye nan devlopman yon sosyete. Konsyan de tout avantaj sa yo ki ofri ak tout biznis yo pou yo ka fè yon non sou mache nasyonal la ak entènasyonal nan lide  pou yo fè plis  kòb , webmasters I Clean Haiti Lab. yo mete konesans yo, eksperyans yo ak ladrès yo pou yo ka satisfè kliyan I Clean Haiti Lab. yo nan objektif  pou n ede yo, akonpanye yo pou yo ka pi byen itilize zouti teknolojik yo tankou: Sit wèb,  Aplikasyon mobil, Aplikasyon Wèb, Facebook ads, Google Analytics, YouTube ads nan lide  pou n ka ogmante kantite  kliyan biznis ou a genyen oubyen kenbe yo. 

Lokasyon estidyo radyo

Ou menm ki bezwen yon espas estidyo ki byen ekipe, ak dènye ekipman yo, pisin oswa nan yon espas fèmen pou ou ka anrejistre emisyon odyovizyèl ou yo oswa pou ou ka difizyon emisyon ou yo andirèk, ebyen ou tonbe bon kote a. I Clean Haiti Lab . gen yon radyo entènèt, ak anpil abone, ak yon gwo espas ki bèl epi ki ka atire moun  pou n ka konble  gou ou. Si ou gen yon pwojè emisyon, epi ou ta renmen jwenn bon kondisyon pou ou reyalize li, pa ezite kontakte nou byen vit, paske nou gen tout bagay ou bezwen yo pou ou genyen yon emisyon ki trè popilè sou entènèt la.

Lokasyon espas (Maryaj, Kominyon, Batèm, Resepsyon)

Ou menm k ap chèche yon bèl espas, ki ofri yon bèl imaj sou bè Pòtoprens lan, pou ou ka reyalize maryaj ou oubyen resepsyon maryaj ou ; oswa pou ou ka òganize yon reyinyon oubyen yon resepsyon yon batèm, yon kominyon oswa nenpòt lòt evènman ou ta renmen ki rete nan memwa chak patisipan, mwen pwopoze  ou espas paradi I Clean Haiti Lab.lan. Li gen ladann tout bagay ki enpòtan yo nan yon sèl kote : son, limyè, dekorasyon, bèl imaj pou ou ka fè de evènman sa a yon moman ke tout moun ta toujou swete viv ankò. 

Redaksyon (Ekri pwojè, tradiksyon dokiman, plan maketing, plan kominikasyon, koreksyon liv.)

Ekri yon dokiman byen  pou l rive sou piblik ou sible a mande anpil entelijans ak ladrès nan ekri. Ekri yon pwojè kominotè oswa yon plan kominikasyon pou asire siksè li mande anpil ladrès. Pou ou pa  gen tèt chaje ankò lè ou ap chèche yon konpayi ke ou ka fè konfyans pou konfye travay ekri dokiman pou ou, sal redaksyon I Clean Haiti Lab. lan se estrikti ou bezwen  si ou ta vle gen kè kontan. Nan  chak domèn redaksyonèl yo kote nou bay sèvis,  nou gen anpil pwofesyonèl ki konpetan ki ka ekri pou ou yon dokiman de kalite ki ka depase atant ou. Paske nan I Clean Haiti la,  kalite a se gid nou. 

 

Scroll to Top
 
Failed to get data. Error:
Invalid album ID.