best satisfy our customers

Pwoblèm lan

Pwoblèm lan

Konpayi sèvis an Ayiti yo pa toujou sousye sou kalite travay y ap  bay kliyan yo, paske  pa gen règleman sou sa nan lwa ayisyen yo. Kliyan yo plenyen anpil sou move kalte sèvis yo jwenn  jeneralman. Yo pa konn ki kote pou yo met tèt yo pou yo kapab fè fas ak pwoblèm sa a. Anplis de sa, malgre mond lan antre nan epòk modènizasyon, anpil konpayi kontinye itilize menm metòd tradisyonèl yo nan fason yo òganize travay yo nan biwo chak jou. Metòd travay sa yo diminye anpil sou pwodiktivite konpayi an, epi fè li mwens konpetitif sou mache a. Kidonk, sa fè biznis sa yo pa devlope, yo pa rive pwodwi anpil richès ki t ap nesesè pou devlopman ekonomi nasyonal la ak rediksyon chomaj la an Ayiti. Nouvèl teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon  yo ofri yon pakèt opòtinite ak posiblite  ki nouvo pou diminye sou kantite travay nan konpayi yo pou yo ka vin pi efikas nan fason y ap fè tavay yo pou yo ka bay kliyan yo bon jan sèvis, nan yon ti bout tan. Malgre tout avantaj teknoloji a ofri ak biznis yo, epi  ak travayè yo tou pou yo kapab ogmante efikasite yo, pwodiktivite ak kalite travay yo, men anpil biznis ak travayè pa sèvi ak yo. Itilizasyon yo t ap yon avantaj pou yo.Rezon an kapab, se paske yo pa konn tout opòtinite mond teknolojik la ofri. 

Scroll to Top
 
Failed to get data. Error:
Invalid album ID.