best satisfy our customers

Istwa nou

Istwa nou

Kòm mond lan ap vin pi soude chak jou, nou dwe pwofite opòtinite sa a bay epi, tou sezi  bezwen kominote yo  ki ini yo nan yon vilaj global nan objektif pou n ka sèvi ak nouvèl fòm inyon sa a pou n ka sere lyen nou pi plis ankò. Sa ap ede nou plis sere ankò antan sitwayen mond lan.

Okazyon sa a ki ofri nan mond lan, se yon gwo boulva pou antreprenarya ka jèmen. Chak moun ta dwe sezi opòtinite sa a ak kè kontan. Se pou rezon sa a, CEO a, Pierre-Michel NORAMÉ, te sezi opòtinite sa a pou l te kreye yon konpayi Komèsyal ki ofri anpil sèvis teknolojik ,nan wo nivo,  nan domèn odyovizyèl, serigrafik elatriye. Sa ap pèmèt nou jwenn bon jan kalite sèvis, epi kreye travay nan peyi a.

Kòm yon Ajan Devlopman Sosyal, Mesye NORAME te deja fè yon pwojè sosyal ki gen yon dimansyon titanèsk. Men pwojè sosyal sa a  t ap soufri akoz pwoblèm lajan. Mesye Pierre-Michel NORAME ki se yon vizyonè, sèvi ak yon pati nan pwofi antrepriz komèsyal li a ki rele I Clean Haiti Lab. pou l te ka finanse pwojè sosyal li a ki se  “I Clean Haiti” ,paske finansè pwojè sosyal yo te vin pa t gen ren ankò pou yo te kontinye  finanse pwojè a akoz efondreman ekonomik Covid-19 la te pwovoke.

Pierre Michel Norame

Kiyès mwen ye?

Non mwen se Pierre Michel Norame e mwen se fondatè I Clean Haiti. Mwen fèt epi m grandi an Ayiti, men papa m te mennen m Etazini lè mwen te gen 19 lane. Kòm m pa t gentan fini lekòl, mwen te aprann anglè pou m te ka al suiv kou Administrasyon nan inivèsite. Ansuit, m t al nan kou kwizin pou m te ka vin chèf kwizin. Nan lane 2013, m te ouvri yon biznis sou fiskalite.  

Nan lane 2017, moman ki te pi difisil nan lavi m, epi tou aprè katastwòf natirèl te fin devaste Ayiti, mwen te gen premye vizyon m sou “I Clean Haiti”. Madanm mwen ak mwen te fèk separe, pitit gason m te gen 4 lane .Mwen te pèdi tout kòb mwen te konn ap fè.M t ap kase tèt mwen tout kote pou m te ka jwenn travay nenpòt kote pou m te ka pran swen tèt mwen. Kòm yon moun ki nan Bondye, mwen te oblije rete nan wout dwat mwen ak Seyè a, malgre tout sa mwen t ap travèse nan vi m.  

Te gen anpil moun ki te ede m jwenn travay, men sa m te konn fè plis, se  te ramase fatra epi al jete yo nan dechaj. Pi fò ti travay sa yo m te konn jwenn lan, se te Josh Kobrin ak papa l David Kobrin ki te konn ban mwen yo. De (2) moun sa yo te kenbe m vivan nan moman difisil mwen yo. M ap di yo mèsi pou tout bagay yo te konn fè pou mwen.Mwen te toujou kwè yon jou kanmenm m t ap kapab ranbouse yo.Nan peryòd sa a,  fè kòb ak tout dinyite ou nan ranmase fatra, se te sa Bondye te vle pou mwen fè. Se ti travay sa a ki te fè m jwenn ide pwojè « I Clean Haiti». Mwen te di tèt mwen : « E si Ayiti ta gen yon fason pou l ta bay travay ak moun k ap ede ramase fatra yo, chèche fason pou yo rezoud pwoblèm fatra yo tou ak tout kesyon povrete a nan peyi a. 

Depi lè sa a, mwen te kòmanse souke kò m pou m te kòmanse reflechi  sou pi gwo pwojè sou jesyon fatra nan tout listwa peyi a. Moman an rive pou Ayiti genyen tout bon vre yon biznis moun ka fè konfyans, ki bay tèt li objektif dechouke tout difikilte moun konn jwenn pou yo byen jere fatra yo ki se yon gwo pwoblèm ki aji sou kondisyon vi popilasyon an. Sitiyasyon sa ekspoze vi yo ak yon bann maladi, epi fè anvirònman an vin tounen yon depotwa. Eta makab sa a fè tourist pè vini nan peyi a. 

Nou menm ayisyen, nou kapab retounen  fyè ankò ak pwojè sa.  L ap pote chanjman nan anvirònman peyi a, epi restore bote dantan l pou Ayiti kab vin pi doubout  e pi rich. Mwen priye Bondye pou non « I Clean Haiti » a li te ban m nan pou m te ka kondui pwojè a. I Clean Haiti reprezante tout moun ki kontribye pou bèl travay sa a, netwaye lari yo, epi debarase kay yo de fatra. Ansanm, nou bay tèt nou misyon sa a : Restore epi refè boujonnnen bèl imaj peyi a ak tout moun k ap viv ladann l.  

Scroll to Top
 
Failed to get data. Error:
Invalid album ID.