INISYATIV NOU YO
I Clean Haiti Lab., ki se yon konpayi nan domenèn teknolojik vle pote satisfaksyon total ak tout biznis yo, epi tou ak tout moun k ap soufri lontan pou bon jan sèvis yo pa ka jwenn nan domèn teknolojik. Nan I Clean Haiti Lab., nou chwazi pou n bay bon jan sèvis nan tout domèn sèvis nou bay yo. Pou sa, nou gen yon ekip kad ki konpetan . Yo la pou travay nan lide pou yo ka pote satisfaksyon total ak kliyan yo, sitou kliyan ki pa satisfè ak sèvis yo ofri yo nan lòt konpayi yo. I Clean Haiti Lab. bay tèt li objektif tou pou l diminye sou kantite travay ou nan biwo a nan ofri ou yon pakèt sèvis teknolojik nan wo nivo k ap ede ou ogmante pwodiktivite, konvnans, epi asire sekirite tout enfòmasyon biznis ou an. Fè anpil gwo travay nan yon ti bout tan posib gras ak tout sèvis teknolojik I Clean Haiti Lab. kapab mete disponib pou soulaje long jounen travay ou yo. Depi kounye a, pou ou ka diminye travay ou yo nan biwo a ak ranfòse kalte sèvis ou ap bay yo, kontakte nou, nan yon pri piyay parapò ak lòt pri sou mache a, ak yon rezilta sètifye, n ap fè souri toujou sou lèv ou.
Kreyasyon travay
Inisyativ pou n mete kanpe I Clean Haiti Lab. an Ayiti se yon gwo opòtinite nou bay peyi a ki konsidere kòm youn nan peyi ki pi pòv nan mond lan. An Ayiti, akoz ensekirite a, enstabilite politik la ak absans kondisyon nòmal pou enstale konpayi nan peyi a, anpil bizisman ayisyen kite peyi a pou y al envesti nan peyi etranje, sitou nan peyi Repiblik Dominikèn. Yon lòt kote, antreprenè etranje yo refize vin envesti nan peyi a paske kondisyon yo pa fin reyini pou envestisman. Akoz sa, anpil moun ki gen laj pou travay nan peyi a gen difikilte pou yo reponn ak bezwen yo chak jou.
Yon lyen ant mond teknolojik la ak Ayiti se eleman fondamental I Clean Haiti Lab. itilize pou l ka eksplwate tout opòtinite teknoloji a ofri nan lide pou l ka fè peyi a gen anpil travay. Anplis de sa, nou bay tou nan I Clean Haiti Lab.anpil lòt sèvis ankò k ap pèmèt gen plis moun ki jwenn travay.Kidonk, enstalasyon I Clean Haiti Lab. nan peyi a ap diminye sou kantite moun ki p ap travay, paske li pral bay posibilite ak jèn pwofesyonèl yo pa konnen yo òpòtinite pou yo ekspoze yo sou sit wèb I Clean Haiti Lab.lan nan je tout moun nan mond lan nan lide pou yo konekte ak tout kliyan k ap chèche bon jan sèvis.
Bon kalite sèvis
Baz nou nan I Clean Haiti Lab, se toujou bay bon jan kalite sèvis ak kliyan nou yo, paske yo tout se wa. An Ayiti, nan anpil biznis, kliyan yo pa reyèlman resevwa bon jan kalite sèvis ki nan menm nivo ak sa yo espere a. Y ap plenyen tout tan sou sa. Nan lide pou n ka jwenn solisyon ak pwoblèm ensatisfaksyon kliyan yo, espesyalman nan domèn teknolojik, I Clean Haiti Lab. enstale li nan peyi a ak materyèl dènye modèl ki ka bay sèvis ki nan nivo entènasyonal. Nan I Clean Haiti Lab., nou kwè ke kliyan yo merite pou yo trete yo yon lòt fason, se rezon sa a ki fè nou te achte aparèy sa yo, epi tou chwazi teknisyen ki gen anpil konpetans pou n ka bay sèvis de kalite pou kliyan yo ka satisfè.
Nouvo sou mache a
I Clean Haiti Lab. pote sou mache teknolojik ayisyen an anpil nouvote nan itilizasyon dènye dekouvèt teknolojik yo pou n pèmèt biznis ayisyen yo vin pi konpetitif sou mache entènasyonal la, epi rann pwofesyonèl yo pi kalifye, paske teknoloji a ofri anpil posiblite ak yon antrepriz oubyen yon pwofesyonèl ki vle fè yon travay de kalite, nan yon ti bout tan.
Nan ka sa a, prezans I Clean Haiti Lab. sou mache a se yon opòtinite pou Ayiti, l ap pèmèt li pwodui plis richès. Efektivman, tip de aparèy teknolojik sa yo I Clean Haiti Lab. mete disponib pou antrepriz yo, y ap ka vin bay pi bon sèvis k ap satisfè kliyan yo.Sa ap pèmèt yo rantre plis kòb tou.
Pri konpetitif sou mache a
Avèk enstalasyon I Clean Haiti Lab., nou espere kapab kontribye nan amelyorasyon sèvis lòt konpayi ayisyen yo ap ofri yo ki jeneralman kalifye kòm konpayi ki pase mòd, paske yo pa ofri kliyan yo yon sèvis ki nan nivo entènasyonal, epi ki respekte nouvo dekouvèt teknoloji yo. Anplis de sa, I Clean Haiti Lab. vle kontribye nan modènizasyon tout konpayi nasyonal yo nan ofri yo yon sèvis teknolojik ki nan dènye kri nan teknoloji a. Yon lòt kote, I Clean Haiti Lab. ta renmen rann pi pèfòman kad ayisyen yo nan ekipe yo ak tout sa yo bezwen pou pwofite de kapasite yo. Se konsa, I Clean Haiti Lab. ap travay pou genyen nan peyi a biznis k ap byen mache ak kad ki pi pèfòman nan lide pou ede peyi a pwodwi plis richès pou li ka envesti nan tout sa ki nesesè yo pou pèmèt li pran ray devlopman an.
Rezilta espere
Pou biznis ou kapab pi byen mache, li ijan pou ou mande sèvis I Clean Lab.yo, paske sèvis sa yo ap ede biznis ou an nan yon bat je pou rezilta yo kapab amelyore.
Sèvis ak pwodwi yo ofri
- Sèvis odyovizyèl
- Lokasyon espas
- Sèvis Imobilye
- Shipping
- Enprimri
- Radyo sou entènèt
- Maketing entènèt
- Kreyasyon sit entènèt
- Difizyon
- Fotografi